Represyon sendikal ap kontinye, komisè Gouvènman Pòtoprens mande òganizasyon Entènasyonal Polis Kriminèl (INTERPOL) pou trake e mennen vini 13 polisye
Pòtoprens , Vandredi 26 mas 2021 (tinouvel.com)
Represyon sendikal ap kontinye, komisè Gouvènman Pòtoprens mande òganizasyon Entènasyonal Polis Kriminèl (INTERPOL) pou trake e mennen vini 13 polisye.
Nan yon nòt subtiti Komisè gouvènman Quebex Jean siyen , mande DCPJ pou denonse bay INTERPOL plizyè polisye li di ki se manm Fantom 509.
Komisè gouvènman nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens ekri DCPJ nan dat jedi 25 mas 2021 lèt pou alète òganizasyon Entènasyonal Polis Kriminèl (INTERPOL) pou yo trake e mennen vini 13 polisye yo sispèk ki nan gwoup Fantom 509 ,pami yo gen non Yanick Joseph, Abelson Gros Nègre, Jean Elder Lundi ak Jean Pascal Alexandre.Yo akize 13 polisye sa yo tankou moun ki ta touye moun, ta fè tantativ pou touye moun, ta sanble enplike nan zak kraze brize, mete dife nan byen prive ak piblik.
Nap raple tout 13 ofisye polis sa yo se mann fondatè Sendika polis SPNH 17 ,gen nan yo ki pa nan mann sendika ankò e gen lòt se mann komite egzekitif sendika a ki toujou refise yo asosye ak gwoup polisye fantom 509.
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment