Pòtoprens, 5 mas 2021- (tinouvel)
Ayiti-Kidnapin
Ravisè lage papa , kenbe pitit
Bandi ame lage Jean Marc Condestin pwopriyetè estasyon gaz "Bonjour" nan Mariani, aprè fanmi an te peye yon ranson.Menm bandi sa yo kidnape pitit gason l Jean Baptiste Condestin apre li te finn pote ranson an bay bandi ame yo.
Apre kidnapin Jean Baptiste Condestin, pitit gason biznisman lan ,sitiyasyon sante li deteryore anpil akoz gwo sesizman sa a li pran . Yon sitiyasyon ki kreye tansyon nan Mariani, sou wout nasyonal nimewo 2 pou mande liberasyon pitit gason biznisman lan.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment