Putin "asasen": Moskou rele anbasadè li nan Washington.

 Washinton, Jedi 18 Mas (Tinouvel.com)

Putine ak Biden


Putin "asasen": Moskou rele anbasadè li nan Washington.


Joe Biden  panse ke tokay Ris li Vladimir Putin se te "yon asasen" e li te pwomèt lap peye yon "pri a" pou aksyon li yo, sa ki lakòz premye kriz diplomatik ant 2 peyi yo.

"Èske ou panse li se yon asasen?" se Kesyon  George Stephanopoulos,  yon gwo jounalis Ameriken nan  chen ABC, te poze Prezidan Biden, li te bay yon repons dirèk, li pa kite plas pou dout: "Wi" .

Li pa t presize si wi ou non li tap fè referans ak sò opozan Ris Alexeï Navalny,  ki te viktim anba pwazòn naN mwa Out la  Etazini te tu akize larisi , pou  kounye a, misye Navalny nan prizon nan Larisi. 

Moskou fache li rele anbasadè li

San pèdi  tan Moskou nan gwo jès anonse  li te raple anbasadè li nan Etazini Anatoly Antonov "pou konsiltasyon.Diplomasi Ris a vle  evite relasyon 2 peyi degrade nèt  e li  espere "Ameriken yo okouran de risk yo".  Pou evite zen pete ant de peyi, Depatman Deta Ameriken  pa te planifye pou rele anbasadè li nan Moskou, lap kenbe "kanal kominikasyon yo tou louvri" pou rezoud ti konfli sa a.

Prezidan nan chanm depute Ris Vyacheslav Volodin te akize prezidan Ameriken li te di lè ou "joure" Poutine se tout Larisi ou "atake" .

Sous AFP


Comments