Pòtoprens, madi 30 mas 2020 (ti nouvel.com)
Ayiti-lanmò
Polis kont Polis :UDMO nan lwès demanti DG ai PNH Leon Charles nan lanmò polisye Jean Daniel Michel .
Frè dam polisye Jean Daniel Michel ki te mouri 18 mas nan Simon Pelé deside ranm li yon omaj merite. Pou salyememwa li yon antèman senbolik ap chante mèkredi 31 mas sa a nan Legliz Notre-Dame Altagrace sou otowout Delma.
2 vèsyon lanmò pou yon menn kadav ki disparèt.
Sikonstans lanmò Ajan I Jean Daniel Michel poko klè toujou, e sanble tèt polis pa sou wout pou klarifye l tou.Nan 21 mas nan yon not sou facebook ,direksyon polis nasyonal la, te ekri "lapolis konfime lanmò polisye Jean Daniel Michel ki te patisipe nan piyaj Inivèsal Motors se bandi nan Pele kitap sekirize lokal la ki touye l ak plizye lòt dechouke pandan gwoup "Phantom 509" tap kase bisnis Reginald Boulos.
8 jou apre nan yon avi ki soti lendi 29 mas 2021 anba siyati chèf inite depatmantal pou mentyen lòd (UDMO), Panel Duval bay yon temwayaj :"se moun ak zam ki pa idantifye ki touye ajan 1 Jean Daniel Michel la 18 mas nanSimon, Pelé Simon, jis ka prezan lapolis poko janm rekipere ko sa a.
Nòt direksyon polis nasyonal la san okenn ankèt deside touye yon dezyèm fwa polisye Jean Daniel Michel,krache sou kadav li ak pote diskredi sou tout fanmi defen sel fot li te komet se deside sèvi ak pwoteje .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment