Plizyè òganizasyon pwogresis nan mond lan pote solidarite ak lit pep ayisyen reklame pou Nasyonzini ak OEA sispann foure bouch yo nan zafè entèn yon peyi manm .
Pòtoprens ,Madi 30 mas 2020 (ti nouvel.com)
Ayiti-Solidarite
Plizyè òganizasyon pwogresis nan mond lan pote solidarite ak lit pep ayisyen reklame pou Nasyonzini ak OEA sispann foure bouch yo nan zafè entèn yon peyi manm .
Nan yon lèt tou louvri pou Sekretè Jeneral Nasyonzini an, António Guterres,Sekretè Jeneral OEA a, Luis Almagro,pou gouvènman peyi manm Nasyonzini yo ak OEA,pou pep Ayisyen ak òganizasyon li yo,yon seri pèsonalite ak gwoup pwogresis entènasyonal prezante yon tablo sonb de peyi a ki rantre nan yon kriz pi pwofon toujou ak ansyen prezidan jovenel Moise ki refize kite pouvwa malgre manda li fini jou 7 fevriye 2021, e li pran yon ralonjan ilegalman pou 1 an ankò .
Siyatè yo denonse klima ensekirite a ki mete plis apse sou klou nan kriz enstitisyonèl la, "yon ensekirite ki afekte pratikman tout sektè nan sosyete ayisyen an". Yon ensekirite ki eksprime nan represyon sovaj PNH (Polis Nasyonal Dayiti) ap fè nan mobilizasyon popilè yo " Lè se pa atak sou jounalis, se masak nan katye popilè yo mete sou asasinay ak arestasyon abitrè opozan yo tout sa se rezilta "Egzekitif la ki domestike PNH (Polis Nasyonal Dayiti) nou ka li nan nòt solidarite ak pep ayisyen an.
13 ane okipasyon militè egal, plis inegalite sosyal, plis povrete, plis difikilte pou pèp la .
Pi lwen Pri Nobèl Lapè Adolfo Pérez Esquivel ak plizyè òganizasyon tankou France Insoumise Amérique Latine,komite aksyon Anti-Imperialist nan Etazini, voye jete prezan ak aksyon Nasyonzini ak OEA annayiti, daprè yo strikti entènasyonal sa yo pa gen ni dwa ni moralite pou yo entèfere yo nan zafè entèn nan yon peyi manm . Yo fè 13 lane okipasyon militè annayti atravè MINUSTAH yo pa pote anyen pou demokrazi annayiti ,kriz ayisyen agrave plis ak MINUJUSTH ak BINUH nan sipòte sektè retwograd yo, antidemokratik ak Ganstè yo.
Solda nasyonzini pote kolera ,Anplis de sa "yo te komèt krim grav kont popilasyon ayisyen nan kadejak ak abi seksyèl yon paket fanm ak vyole dwa fondamantal moun yo anplis yo kite yon latriye timoun òfelen ak lot san papa" .Siyatè mande jistis ak reparasyon.
"Se pèp ayisyen an sèlman ki ka deside sou avni li, men li mèt konte sou solidarite ak volonte nou pou sipòte yo nan tout aksyon ayisyen yo ap mennen nan batay" pou chanje sistem lan nou te kapab li nan not la. Yo konkli pou di "Nou sipòte pèp la ak inisyativ oganizasyon Ayiti yo ap pou mete kanpe yon gouvènman tranzisyon popilè pou yon Ayiti Lib e Souveren.
Men kek pèsonalite ak òganizasyon pwogresis entènasyonal ki siyen nòt sa a:
Pri Nobèl Lapè Adolfo Pérez Esquivel Ajantin
AIP - Asanble entènasyonal pèp yo
MMM - Mondyal Mondyal fanm yo
Brezil, Komite Anti-enperyalis KomiteAbreu e Lima
ak plis pase yon trantèn siyaiti .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment