Plizyè milye moun mache nan lari Pòtoprens jou dimanch 28 mas sou inisyativ legliz pwotestan yo ak òganizasyon sosyete sivil .

 Pòtoprens, Dimanch 28 mas 2020 (ti nouvel.com)

Ayiti-Manifestasyon






Plizyè milye moun mache nan lari Pòtoprens  jou dimanch 28 mas sou inisyativ legliz pwotestan yo ak òganizasyon sosyete sivil .



Yo te Plizyè milye  manifestan ki te pran lari  Pòtoprens  kont pwojè referandòm konstitisyonèl gouvènman defakto Jovenel Moise la.Dimanch 28 Mas la yo te manifeste tou pou eksprime opozisyon yo ak yon volonte pou Jovenel Moise retabli diktati annayiti.SItwayen yo fè konnen prezidan defakto a pagen lejitimite ni otorite pou chanje konstitisyon sa a ,dayè konstitisyon 29 mas 87 entèdi fòmèlman tout referandòm nan peyi a, malgre sa a pouvwa egzekitif defakto la vle adopte yon nouvo Konstitisyon nan referandòm jou  27 jen an.Manifestan mobilize tout wouj tankou chabon dife chire sou tout pakou yo tout afich pou sansibilize moun al vote nan referandòm lawont . 



Mach la te fèt tou kont kominote entènasyonal la kap supote Pouvwa egzekitif  defakto a san gade dèyè . Manifestan yo te denonse enjerans Etazini ak Nasyonzini ki responsab klima ensekirite a ak nan kontèks sosyo-ekonomik difisil  Ayisyen yo ap sibi la.Menn si  majorite moun  yo te mache fyèman ak drapo ble e wouj la  nan men yo, men yon ti ponyen te vini tou ak tricolor Ris la e menm te rele pou  Vladimir Putin vinn ede yo. "Viv Poutine,  aba Ameriken yo" yon gwoup jèn aktivis nan MOLEGRAF t ap chante ,  t ap mande pou  "Biden, sispann fè enjerans" nan dosye a.

    Se premye jou manifestasyon nan 3 jounen mobilizasyon kont diktati e wi pou respè konstitisyon 87.Randevou kase pou lendi 29 Mas pou sitwayen yo reprann beton an.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com




Comments