Pòtoprens, Mèkredi 17 Mas 2021(tinouvel.com)
Tinouvel Cho
Piyay nan Universal Motors ,yon atak sible a karaktè politik.
Yon gwo responsab nan Universal Motors denonse piyay ki fèt nan enstisyon saa. Nan yon entèviu li bay Radio kiskeya responsab ki pat vle non li site fè konnen se yon atak sible a karaktè politik ,se gwoup G9 ki mennen operasyon sa a e yo rive idantifye yon puisan chef gang nan G9 ki tap koòdone operasyon saa.
Responsab sa a fè konnen pèt yo anpil anpil e wap pran ant 7 ak 8 mwa pou rekanpe showroom.Dapre responsab sa a tout show room boule nèt bandi yo mete dife nan plizyè machin ,yo volè yon pakèt materyèl ak 4 machin.
Gwo responsab nan Universal Motors anonse se sèl antrepris li a ki boule sou wout ayeopò a e li deklare se pa Fantom 509 ki komèt zak sa a,gwoup fantom te deja ki te espas sa a dapre li.Yon videyo ap sikile sou rezo sosyal yo montre lapolis tire kout bal sou bandi yo 4 ta sanble tonbe e menn bandi sa yo trennen blese ou kadav patisan yo pou anpeche sosyete a rive idantifye mann gang G9 an fanmi e alye.Lapolis rekipere yon machin nan kalfou Gerald Bataille e mete men sou jen gason ki te volè machin Nissan Frontier la.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment