Pòtoprens, 4 mas 2021- (tinouvel.com)
Peyi lok a peyi friz:10 minit friz pou ayiti yon jou anplis pou Jovenel.
Konsè klaxonn, bat tenèb ,frape istansil kwizin an metal se pou vandredi 5 mas a midi nan peyi dayiti.Ajitasyon popilè sa a ap dire 10 minit dapre inisyatè yo.Se nouvel fòm pwotestasyon pasifik sosyete sivil pral utilize pou fè bri nan tèt 2 prensipal supotè jovenel moise la ki se oligak 2 % yo ak gouvenman meriken.
Mouvman pwotestasyon se pou denonse gouvènman defakto kap pwoteje kidnapè yo e pa pran okenn mezi kont klima ensekirite an ki ogmante nan dènye jou yo.Mobilizasyon pasifik saa pral sansibilize lot moun pou rejwenn yo nan batay yap menen kont Jovenel ki vle ranfòse tandans otoritè li yo .
Kit ou lakay ou, kit ou nan mache ,frape nan mamit .nan bol ,nan chodyè, si ou nan biwo ou byen lekol frape sou tab ,nan baryè lekol ak inivesitè a .Si ou nan machin klaxone, kreye brourara pou bri sa yo rive jis nan zoryè defakto yo . Dezòd sa yo ak ajitasyon saa dwe atire atansyon Core gwoup, Binuh ,OEA ak depatman deta pou yo sispann sipote rejim kriminèl dapre Josue Merilien sou yon estasyon radio nan kapital.
Desepsyon toujou posib nan batay kont ditakti.
Mouvman pasifik anti Jovenel Moise, byen kòmanse plizye milye moun moblize chak dimanche ak anpil detèminasyon pou kanpe kont derive otoritè pouvwa an .Sepandan anfas ak agajman saa ak senserite kèk moun nan sosyete sivil la se gwoup ame yo kap teworize popilasyon ki gen moun kap tonbe anba bal yo chak jou.Pou pouvwa sa a chak jou konte pou li. 15 minit friz,3 mwa lok patwon li yo toujou ap soutni li.Yon jou anplis pou pouvwa defakto sa a, se yon jou anplis nan laterè,yon jou anplis nan kidnapin ,se yon jou moun ap mouri pou granmesi e popilasyon an kontinye ap kriye pou yon pwoch yo yo kidnape ou byen ki mouri.Gade yon doulè !
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com



Comments
Post a Comment