Panik total nan Kapital Piyaj ak dechoukay nan Universal Motors.

 Pòtoprens, Mèkredi  17Mas 2021(tinouvel.com)

Tinouvel Cho



Panik total nan Kapital Piyaj ak dechoukay nan Universal Motors.



Moun yo pa rive itantifye mete dife epi piye Universal Motors bisnis Reginald Boulos yon opozan ak Jovenel Moise pandan Polisye nan fantom 509 zam nan men ak plizyè mann nan popilasyon tap manifeste nan lari nan kapital .Dapre Radio kiskeya youn gwoup nèg ame ki ta sanble mann G9 ta enfiltre mouvman Gwoup Fantom menmen yon operasyon dechoukay nan Universal Motors.Dapre kèk temwen moun ta volè 4 Nissan Frontier , pote ale plizyè dizèn Bateri epi mete dife nan lokal la ak boule kèk machin.

Nan Potoprens sou lali kèk moun ta meye dife nan baryè Direksyon imigrasyon.

Anvan sa Polisye nan fantom 509 zam nan men ak plizyè mann nan popilasyon anvahi komisyara Delmas 33 epi libere 4 polisye yo te arete ilegalman 7 fevriye 2021 nan koudeta an pijama a.Polisye fè konnen yo pa rekonèt Leon Charles kom direktè  jeneral ai polis la

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments