Operasyon Vilaj de dye:Yon enspektè jeneral sabote operasyon.

 Potoprens, Lendi 15 Mas fevriye (tinouvel.com)

Operasyon Vilaj de dye:Yon enspektè jeneral sabote operasyon.

 Lionel Lazarre


Koòdonatè jeneral SYNAPOHA  Lionel Lazarre revele enspektè jeneral  Carl Henry Boucher bòykote operasyon  nan Village de Dieu  .San li pa bay pou ki rezon enspektè jeneral  la ta sabote entèvasyon sa a li anonse wo grade a ta bay polisye yo move lòd ou byen kont òd nan monan yo  te atake bandi vilaj de dye.

IG Carl Henry Boucher


Dron siveyans yo montre tout tranche ki atè nan lari a yo malgre sa a enspektè  jeneral te mande yo pou yo kontinye penetre e se move penetrasyon sa a ki te lakòz lanmò senk ofisye polis vandredi pase dapre  polisye Lionel Lazarre . 

Eske se yon revalasyon ou byen se yon akizasyon  Koòdonatè jeneral SYNAPOHA Lionel Lazarre  pote kont enspektè jeneral ? Antouka wo komandman lapolis tap chache yon bouk yon bouk emisè ,yo jwenn li sou yon plato an òr pou kache neglijans koupab yo ak move preparasyon Operasyon Vilaj de dye.

Nap raple SYNAPOHA se yon sendika polis ki pwòch direksyon jeneral lapolis.


Comments