Omaj ak Edou( Edline Louis Mentor,yo asasine nan Petionville)

  Winter Park, Floride, Madi 2 Mas 2021 (tinouvel.com)

Omaj  ak Edou( Edline Louis Mentor,yo asasine nan Petionville)

Teks Nègès Kreyol (Fabienne)

 Edline Louis Mentor



Ma petite Parisienne, très chère cousine, se ou mwen tap gade yè kap  benyen nan san comme un rien du tout 😭😭😭😭oh Merci Haiti Merci

La mort ne suit pas vraiment le rythme que les humains veulent lui attribuer. On pense souvent que la mort doit toujours suivre l’ordre décroissant. C’est-a-dire les plus âgés ensuite les plus petits. Pourtant, elle vient à toute heure, à tout âge, en tout lieu et en tout temps. Comme disait l’autre : la mort est un tyran qui n’épargne personne.

Merci Haiti, Merci l’Etat.

Merci Bon Dieu tu as donné, tu as repris que ton Saint Nom soit béni.

Kiyès Ki tap di mwen, Se mwen ki ta pataje foto asasina cousine mwen san rann mwen kont ke map pataje foto Edline Louis Mentor.

Kisa mal ou fè moun Edou pou yon ti grapday monnen wal pran labank yon malfra malfra deside pran lavi ou.

Ou se yon moun ki renmen tout moun.

Sak pou di youn nan malfra ki fizyew yo, li pat youn nan pasyan ou nan Sant Geskhio, oubyen nan Fondasyon Aristide.

Ou se te tèt Fanmi ou. Ou toujou gen yon ti mo janty pou chak moun, fanmi kou etranje.

Ou renmen Bondye mwen konnen sa, ou renmen ba li glwa tout kote ou pase, se pou sa ou te toujou ba li ti tan pou chante lwanj li nan St Pierre Petionvil, ou pran tan Pou sèvi moun e Sèvi bondye.

Nou pap kesyone Bondye paske li granmoun, li fè sa li vle, jan li vle, lè li vle.

Men sélman nap di Mèsi mouche leta paske se konsa ou te vle mennen peyi a, pou menm si ou gen 37 lane ou pa ka viv nan lapè, gen yon malfra asasen ki pou mete pwen final nan vi ou kankou yo mete pwen final nan lavi Edline Louis Mentor ak dovès lòt moun nan peyi a.

Edline ma cherie nap kriye sou kadav ou jodia. Kiyès kap kriye sou pa kriminèl yo.

Paske ou se pitit Fi Bondye. Ou te deside sèvi li depi ou gen konesans ou li deja resevwa ou bò kote li.

Va en Paix ma cocotte!

Que la terre te sois légère!

Nègès Kreyol (Fabienne)

tinouvel509@gmail.com


Comments