Pòtoprens , Lendi 22 mas la 2021 (tinouvel.com)
Nouvel cho pou jounen lendi 22 mas la.
Polisye Dominique J. Domerçant pa mouri kontrèman ak enfomasyon ki tap sikile sou rezo sosyal yo.
Ajan UDMO Dominique J. Domerçant ki te pran bal nan afwontman ant yon bakop lapolis ak Fantom509 jodi lendi 22 mas 2021 an fenk kite Lopital BernardMevs aprè entèvansyon medikal. Eta sante li estab nan pale. Mistal Pierre Richard te pèdi lavi l nan afwontman sa a.
Sous Skason Baptiste
Lapolis arete Mèt Jean Fritz Magny avoka SPNH-17
Dapre Jean Elder Lundi Mèt Magny te ale depoze yon notifikasyon nan DDO pou sitin SPNH-17 oganize madi 23 mas ,lapolis tou arete nan lokal Direksyon depatmantal lwès epi mennen li DCPJ pou ankèt.
sous Radio KISKEYA
komisyara polis Saint Marc rann yon omaj ak 4 polisye ki mouri asasinen nan operasyon nan vilaj de dye
Yon ekspozisyon foto defen yo, mach pou lapè ak jèb flè nan simityè se konsa komisyara Saint Marcte rann 4 polisye ki te tonbe nan kanaj vilaj dedye a. Polisye te fè konnen san polisye sa yo pap koule pou granmesi.
Fanmi polis Jean Daniel Michel demanti enfomasyon lapolis ki ta fè kwè yo se nan piyaj Universal Motors yo li ta jwenn lanmò li.
Se manti ,se yon fason pou sal imaj Jean Daniel Michel ki fè PNH mete nòt sa deyò, fanmi Jean Daniel Michel di yo choke anpil pou nòt PNH la,yo eskandalize sou fason lapolis trete dosye sa a .Li deklare se bandi nan Simon Pelée ki te asasinen Jean Daniel Michel ki te al vizite yon ti boubout.
Comments
Post a Comment