Nouvel Cho pou jounen jedi 18 mas.

 Pòtoprens , Jedi 18 mas la 2021 (tinouvel.com)

Ti nouvel cho pou jounen nan

Fantom 509 libere  yon lòt polisye ki te  nan gadavi nan komisarya Croix des Bouquets .

 Gwoup "fantom 509" la te pran lari  yon lòt fwa jou jedi 18 mas 2021. Rive  nan komisarya Croix des Bouquets polisye fantom 509" Yo lage yon  polisye ki te nan gadavi nan komisarya Croix des Bouquets. Polisye sa yo ap mande demisyon Léon Charles kòm chèf PNH la epitou egzije pou lapolis al rekipere kadav frè dam bandi asasinen nan Vilaj dedye .

 Yon komandan nan tèt Direksyon Depatmantal Lwès la (DDO)

Joël Casséus 


Mwens pase yon semèn apre operasyon polis ki echwe nan Village de Dieu, tet kontinye ap koupe Paul Menard pedi nan pòs li kòm Direktè Depatmantal Lwès la jou Jedi 18 Mas 2021. Se komisyonè divizyone Joël Casséus ki  ranplase   nan pòs sa a. 

Deba andirek Biden/Poutine.

 Apre Joe Biden trete Vladimir Poutine "asasen" Poutine mande Biden yon deba an direk 

Comments