Nouvel Cho pou Jodi a.

Potoprens, lendi 15 Mas fevriye (tinouvel.com)

Nouvel Cho pou Jodi a



Youri Latortue ofri PNH ekspètiz li pou ede Polisye byen goumen kont bandi yo.

Ansyen senatè Youri Latortue deside ede lapolis nan batay kont bann ame kriminèl yo. "PNH la se yon enstitisyon demokratik,lè  li fè erè  mwen te toujou kritike yo" sa nou te ka li nan yon tweet senatè  ekri sou paj li. 

Devan danje sa a, kòm yon sòlda ak ansyen komisyonè divizyonyè  , mwen pare pou pataje eksperyans mwen ak la otorite lapolis yo.Yon apèl ki resevwa anpil kritik nan sektè e demokratik ak popilè .

"Fantom 509" manifeste zam  a la men pou reklame kadav frè dam yo bandi ame asasinen nan vilaj de Dye.

Gwoup "Fantom 509" manifeste  lari kapital la  Lendi pou denonse echèk operasyon an nan vilaj de dye a epi an menm tan mande rekiparasyon kadav frè dam ki te mouri anba bal nan men bandi jou vandredi 12 mas 2021. Fantom 509  ak kèk manm nan popilasyon limen kawotchou sou tout wout Delmas. Yo di  yo pare pou travay ak otorite yo pou jwenn kadav polisye  ki mouri yo. 

 Yon nouvo dekrè pèmèt PNH la fè operasyon men nan men ak ti bout FAD’H la.

Prezidan defakto  Jovenel Moïse pran yon lot dekrè ki otorize PNH ak FAd'H pou travay nan tèt kole pou konbat ensekirite. "Dekrè sa a pèmèt otorite konpetan yo mobilize  sipò ekstèn ki nesesè pou realizasyon misyon yo", . Anvan dekrè sa PNH ak FAd'H te deja tap travay ansann nan operasyon nan vilaj de dye se yon militè lame Jovenel Moïse la ki tap kondui traktè a  pran kouri sou premye kout bal ki pete.  

Larisi ofri tèt li pou ede Ayiti.

 Pòtpawòl Ministè Zafè Etranje Ris la, Maria Zakharova, te anonse  Vandredi 12 mas 2021 ,laris pare pou pote Ayiti  sekou nan  kriz sosyo-politik lap travèse depi kèk tan.  "Nou gen entansyon ede Ayiti retabli estabilite politik nan peyi a,ede li kenbe sekirite andan lakay li, fè fòmasyon pou anplwaye li yo ,kenbe lapè ak garanti dwa moun," se kek travay laris deside fè dapre Maria Zakharova.Eske se otorite defakto ayisyen yo ki te fè demand lan ou byen se larisis ki deside poze pion li annayiti?

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

 

Comments

  1. Ochan pou ekip TiJounal la kap fè yon gro travay enfomasyon ak fomasyon nan mitan kominote an. Nouvel yo pa gen fos kote, nouvel yo verifye laverite Bon travay

    TIJOUNAL SE PA ZEN SE ENFOMASYON

    ReplyDelete

Post a Comment