Moun ki gen TPS ak alye l yo ap manifeste jodia nan Washington pou mande senatè repibliken yo vote Lwa rèv ak pwomès .
Washington,Mèkredi 24 mas,2021 (Tinouvel.com)
Moun ki gen TPS ak alye l yo ap manifeste jodia nan Washington pou mande senatè repibliken yo vote Lwa rèv ak pwomès .
A midi tapan Mekredi 24 mas, mach sa a ap derape devan lokal Demokrat Nasyonal Committee DNC pou rive nan Republican National Committee Building RNC, 310 First St SE, Washington, DC 20003 .Moun ki resevwa TPS yo ak alye l yo pral mande senatè repibliken yo rann yo jistis nan vote Lwa rèv ak pwomès HR 6.
Mach la ap fèt sou inisyativ 8 òganizasyon kominote ,sendikal ak karitativ pami yo : 32BJ SEIU Service Employees International Union, yon Sendika travayè , Haitian Bridge Alliance .Oganizasyon sa yo raple HR 6, Lwa sou rèv ak pwomès deja pase nan chanm depute a ,Koulye a, Sena a dwe aji vit .
Lwa sou rèv ak pwomès oswa HR6 louvri chemen pou pi devan pou moun ki gen estati TPS jwenn rezidans pèmanan legal epi tou anile pwosedi pou kanpe estati TPS la .
Haitian Bridge se yon group aktivis ayisyen nan California ki kreye pou soutni imigran. Objektif li se non selman ede moun ki fenk vini, men tou mete enfrastrikti sou plas pou kominote Ayisyenn a kanpe sou de pye l.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment