Brezil, 8 mas 2021- (tinouvel.com)
"Lula is Back":Lula inosan,La dwat mele nan peyi Brezil.
![]() |
Luiz Inacio Lula da Silva |
Yon jij nan Tribinal Siprèm brezil anile lendi tout kondanasyon ki te sou tèt ansyen Prezidan Luiz Inacio Lula da Silva pou koripsyon, sa ki ka tou kalifye patisipasyon nan eleksyon prezidansyèl 2022 anfas Jair Bolsonaro prezidan aktyèl peyi Brezil .
Jij Edson Fachin te pran desizyon pou" inosante Lula ", paske li kwè tribinal nan Curitiba (Sid) ki te kondane Lula nan kat pwosè yo"pa konpetan" pou te jije ka sa yo.
Se yon tribinal federal nan Brasilia ki dwe jije 4 ka sa yo kounye a. Annatandan jijman sa yo, ansyen prezidan lagoch (2003-2010) genyen tou dwa politik li ankò.
Lula, 75 zan se ansyen prezidan brezil (2003-2010) ,li se fondate Pati Travayè yo (PT), nan lane 1980.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment