Pòtoprens, 4 mas 2021- (tinouvel)
Leta enkopetan pran mezi enkonpetan kont ensekirite.
![]() |
| bandi 400 marozo atake yon otobis |
Gouvènman defakto anonse plizyè mezi nan kad batay kont kidnaping: komanse samdi okenn machin paka sikile ak vit tente nan peyi a , sèl machinn Ofisyèl ki gen nouvo plak yo , machinn kò diplomatik e konsilè ki ap ka sikile nan peyi a avèk vit tente.122 yon nouvo nimewo ijans pou moun rele nan ka bezwen . Nimewo sa a pral operasyonèl 5 mas, 2021.Pou konbat trafik zam ilegal Mesye Joseph Jouthe anonse kontenè ki ap antre nan peyi a ak zafe pesonel ap dedwane sèlman nan Pò Pòtorens ak nan Pò Kap Ayisynan .
![]() |
Jn Renel Senatus ansyen senatè Zokiki |
Se mezi sayo Gouvènman defakto pran pou anpeche kidnapin ak bese klima latere ki blayi nan peyi dayiti.Pou ansyen senatè Jn Renel Senatus aka Zokiki fè konnen li detente tout vit machin li.Li raple pawol" ex DG PNH la Michel-Ange Gedeon te di se ofisyèl kite konn al chache bandi lè gen operasyon lapolis.Pi lwen li deklare " pifò kidnaping kap fèt la yo, se pwòch leta ki ladann". Se tout machin ki pou detente se pati ki pi enteresan nan pos ansyen senatè Zokiki .Eske leta iresponsab sa pral detente vit machin oligak yo? Eske lapolis politik la pral gen kouraj pou detente machin pwoch rejim PHTK tet kale ak alye li yo.Tout moun konnen repons yo se non.
Desizyon demagojik, iresponsab pou fè la galeri plezi.
Dapre petwochalanjè James Beltis tout desizyon sa yo pa gen pou objekti pou Leta pwoteje sitwayen yo vre .James Beltis fè konnen nan yon pos tente vit machin yo pa gen okenn rapò ak kidnapping. li ekri sou paj li gen kidnapping paske non sèlman peyi a pa ni jere ni administre, men tou paske Leta ap pwoteje kidnapè yo, epi ankouraje enpinite. Si defakto yo bezwen konbat kidnapping fòk yo alafwa dépolitise PNH lan la epi deprivatize l. Li pa nòmal pou yon seri endividi ap gen 3,4 polisye dèyè yo epi tout yon katye ret san prezans polisye".
Nap raple pandan 5 dènye jou ki sot pase yo klima ensekirite a pran yon lot nivo anndan sosyete a.Yon bilan sale pou habitan nan kapital yon dizen moun mouri ak blese epi bandi ame kidnape plis pase 6 moun nan bab lapolis.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com


Comments
Post a Comment