Pòtoprens, 27 mars 2021- (tinouvel.com)
Lapolis arete Abelson Gros-Nègre ansyen pòtpawòl SPNH-17 .
![]() |
Sendikalis Abelson Gros-Nègre |
Yon machin lapolis san plak arete Samdi aprèmidi 27 Mas Abelson Gros-Nègre ansyen pòtpawòl SPNH-17 . Arestasyon sa a fèt nan Kafou-Fèy devan bisnis li pandan li ta bay kèk jounalis yon entèviou. Ansyen polisye Abelson Gros-Nègre te genyen yon manda dèyè li pou arete l nenpòt kote yo jwenn li. Dapre nouvo pòtpawòl SPNH-17 Domond St Cyr san yo pa mennen al reponn kesyon nan direksyon santral polis jidisyè a (DJPJ), machin san plak lapolis ale ak li direktèman nan penitansye nasyonal.
Popilasyon nan Kafou-Fèy tanmen yon mouvman pwotestasyon espontane pou denonse arestasyon Abelson Gros-Nègre .Nan mikro jounalis ki te sou plas, habitant nan Kafou-Fèy kalifye arestasyon sa a tankou yon pesèkisyon politik pou kraze sendikal polis la.
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment