Pòtoprens, 3 mas 2021- (tinouvel)
La perèz blayi nan kapital.
![]() |
| Edeline Louis Mentor |
Anlèvman, asasinay,Fiziyad gwo lajounen se reyalite sa a depi kèk tan abitan nan zòn metwopoliten Pòtoprens ap viv .Pou komansnan semen saa bilan sale pou popilasyon nan kapital la.Plis pase 7 moun gen tan pèdi lavi yo nan mwens pase 3 jou.Byen bonè mèkredi 3 mas la gang "400 Mawozo louvri kout zam sou yon otobis ayisyen ki opere sou wout entènasyonal Pòtoprens / Santo Domingo plizyè pasaje blese andedan otobis la. Temwen yo rapòte ke "bandi yo te tire sou otobis la pandan yo te atè" .
Laterè gaye tou patatou nan peyi a
Machin enfènal ensekirite a kontinye ap fè viktim . Nan menn jounen saa sou Champ-de-Mars , Place des artistes De (2) moun mouri ak yon fanm ansent blese nan yon fiziyad nan tou pre komisyara Potoprens.
Popilasyon nan vilaj solidarite manifeste sou wout epot la pou pwoteste kont bandi ki ta sanble touye ou kidnape yon polisye (Gabo).
Asasina ak kidnapin yo ap ogmante nan dènye jou alimante klima laterè e mete fanmi yo nan dèy .
Edeline Louis Mentor 37 an, yon enfimyè , manman de pitit, mouri anba bal yè Madi sou Route de Frères nan Pétion-Ville pandan li te soti nan yon bank komèsyal yo. Moun yo pa idantifye tire li epi pote ale tout lajan kite sou li an.
Dimanch bandi ame te touye doktè Ernst Pady, pedyat li te gen 63 nan Avenue Christophe gwo lajounen .
Lè se pa moun yo tire se ka kidnaping ayè bandi anlve madam ak mouche casimir plis yon 3e moun kite nan machin lan ak yo ,yon Toyota Prado nwa te pase la.Chofè,enjenyè,antreprenè,ti moun granmoun tout se viktim kidnapin devan lapolis. Sosyete pa santi yo an sekirite malgre anons otorite defakto yo.La Polis sanble enkapab pou rapouswiv kriminel yo.Popilasyon enpuisan devan zak ensekrite yo sèl zam yo se pwoteste nan lari epi epi anyen....
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com


Comments
Post a Comment