Koudeta an Pijama:BAI mande liberasyon san kondisyon 17 prizyone politik .

 


Pòtoprens, 5 mas 2021-  (tinouvel)

Koudeta an Pijama:BAI mande liberasyon san kondisyon 17 prizyone politik .

Gervais charles Mario Joseph ,P.Buteau


Mèt Mario Joseph ak Mèt Gervais Charles mande liberasyon san kondisyon 17 prizyone politik nan fo koudeta 7 fevriye 2021.Nan yon konferans pou laprès ki te fèt jedi 4 mas 2021, nan biwo avoka entènasyonal yo (BAI), 17 sitwayen nan prizon ilegalman te dwe  benefisye  menm  privilèj  habeas corpus kite lage Jij Dabrésil. Se te yon liberasyon kolektif yo te reklame nan ka sa a, dapre avoka yo ki reprezante fanmi  Buteau ak Gauthier.

Biwo  Avoka Entènasyonal konsidere arestasyon ak detansyon ilegal 17 prizyone tibwa yo tankou kidnapin pouvwa  defakto  fè sou  onèt sitwayen sayo pou opinyon politik yo.

Magistrat Yvickel Dieujuste Dabrésil, te patisipe nan konferans pou laprès sa a bò kote avoka nan biwo avoka entènasyonal yo (BAI) ak fanmi  Buteau ak Gauthier.


Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments