Pòtoprens , Madi 2 Mas 2021 (tinouvel.com)
Koudeta an pijama :kote zanmi prizonye politik yo?
La sosyete lage yo tankou pitimi san gadò .
Preske yon mwa apre "koudeta an pijama" 7 fevriye an,17 sitwayen ap kroupi nan prizon san yo pa jann pase devan yon jij nan bab lasosyete .San yon veritab mobilizasyon yo poko ap libere."Akize yo" ta dwe deja parèt, dapre lalwa devan jij natirèl yo. Dapre kèk jiris ak avoka dosye sa a San fon, san fòm .Li jiridikman vid e li se sèlman politik.
Apèl nan Habeas Corpus avoka 18 akize ki ta garanti libète endividyèl sitwayen sa yo pa rive fet akòz presyon politik gouvènman defakto a tap mete sou system jidisyè a. Jij Norceus pat konfime si arestasyon yo abitrè ak si detansyon yo ilegal .Li te selman statye sou ka Jij Dabrezil .Li te kontaste li enkonpetan pou tande jij lakou kasasyon an. E deside libere Jij la pou kont e kite 17 lòt yo ap manje prizon ilegalman .
Libète pou Doktè Marie A. Gautier, M. Louise Gautier ,Claude Veillard , Louis Buteau ak lòt moun yo te arete 7 fevriye an Ayiti.
Se twòp atò, Ayiti paka nan diktati ankò se yon petisyon Fanmi Gauthier ak Buteau mete deyò pou reklame liberasyon san kondisyon 3 mann nan fanmi yo ak zanmi .Fanmi an denonse fason arestasyon fet "Arestasyon sa yo te pase nan mitan lannwit lan, nan yon rezidans prive, san okenn manda ak yon fòs polis espesyalize (USGPN) ki tap opere andeyò jiridiksyon li yo".Pi lwen nan petisyon saa fanmi denonse yon vre fo koudeta:" pa te gen okenn krim paske pa te gen okenn koudeta. Pa te gen okenn operasyon pou atake Palè Nasyonal la. Pa te gen okenn twoup, pat gen kamyon oswa machin pou transpò, pa gen tank blende yo".Tout moun te an pijama sou kabann lakay yo nan mitan lanmwuit. Se yon operasyon prefabrike pou kreye yon klima laperèz ak fe tout moun femen bouch yo pou fòse sosyete fe silans .
Sa je wè bouch pe.
![]() |
Dr Gauthier,Insp Gauthier et L.Buteau |
Doktè Marie A. Gautier, M. Louise Gautier , Claude Veillard ak Louis Buteau se 4 pami 17 prizyonye politik 7 fevriye ki konn entevni nan media .Nom yo fè plis bri .13 lòt se te senp sitwayen" ni vu ni connu ",polisye ki te atache ak sèvis sekirite Jij Dabrezil toujou nan prizon enjisteman ,yon gadyen , yon responsab delco , yon vwazen ,yon fanmi ,yon nouvo lokatè nan Vilaj Petit bois tout nan prizon ilegalman pou fè plèzi ak yon prezidan defakto manda li fini depi 7 fevriye.
Nan mobilizasyon yo , nan gwo mach kont diktati pa yon yon rèl ,pa yon pankat pou egzije liberasyon 17 Prizyone politik .Kote òganizasyon fanm yo,kote oganizayon politik yo ,kote sosyete sivil la ,kot zanmi kòleg dòkte a, agronòm lan yo gen tan bouke .Batay kont ditakti dwe san pran souf. Fòk yo kontinye mande nan yon sèl vwa liberasyon imedya tout sitwayen sa yo gouvènman defakto ap pase anba pye dwa yo ak libète yo .Batay jiridik la pap sifi pou lage yo malgre gwo jefò avoka yo. Se batay kont a ditakti ak solidarite entènasyonal kapab pèmèt yo libere 17 prizyone politik.
Petisyon fanmi mete an liy lan deja genyen 5k siyati .Fanmi prizyone politik yo souhete plis moun siyen pou kontinye fè solodarite ak Doktè Marie A. Gautier, M. Louise Gautier ,Claude Veillard , Louis Buteau ak 13 lot prizyonye politik 7 fevriye .
FREE Dr. Marie A. Gautier, M. Louise Gautier, and 17 others arrested on Feb 7th in Haiti.(nonpetitisyon http://chng.it/B6kWFNtP)
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment