ki yès ki touye ajan 3 UDMO Pierre Richard Mystal?

 Pòtoprens , Jedi 24 mas 2021 (tinouvel.com)

ki yès ki touye ajan 3 UDMO Pierre Richard Mystal?


 Ajan 3 Pierre Richard Mystal


San okenn dout ,pou la polis ak gouvènman defakto Ajan 3 Pierre Richard Mystal te viktim nan yon afwontman ant  lapolis  ak polisye ki sòti nan "Fantom 509" nan kafou Delma 31 ak Otowout Delma, se la li ta resevwa yon bal san okenn jounalis ki te sou plas pat ka di ki kote nan kò li resevwa bal sa a e yo pat remake tras san sou sèn krim lan.

pwosè vèbal jij de pè
Monbrun


    Men pwosè vèbal jij de pè Delmas Monbrun Martine Louisane pote yon  lòt vèsyon sou evènman sa a, li konstate nan mòg Lopital Bernard Mevs yon kò san vi  li dantifye ak matrikil ki  rele Pierre Richard Mystal ak inifòm la polis udmo sou li, sou kò li  wè  yon twou nan vant li (thorax) nan flan gòch e li te konstate san nan nen li tou .Konstat sa a te fet an prezans Samyèl Salomon responsab mòg la ki di li pat jwenn ni bous ni  zam polisye a.

    Yon lòt kote nan sèvis triaj nan lopital bernard Mevs Jij de pè Delmas ekri li wè  epi konstate yon nèg klè ki  gen unifom lapolis  e li di li rele Dominique J Domercant Ajan 3 nan UDMO jij Monbrun di li wè e  konstate nan jamb dwat polisye sa a yon bandaj.

    Daprè jij de pè Delmas Monbrun Martine Louisane ajan UDMO  deklare epi siyen dèyè  li pawòl sa nou repwodwi jan li ye a:" Majistra jodia 11zè  pral midi yo nan k-fou Delma 31 mwen wè  yon machann ma l ede l e se lè  sa mwen resevwa yon bal nan janb dwat,mesye ki mouri an li te nan yon lot machin  nan  menn pozisyon an se li ki tap kondui,mwen pa wè moun kite tire yo."

ki konstan nou fè   nan deklarasyon Dominique Jocelyn Domercant Ajan 3 nan UDMO:

1- Nou remake li pa di yon polisye ki mouri, li pa menn bay non koleg travay nan UDMO sa vle di anvan bal pete a yo te gen dwa pat jann rankontre anvan aksyon yo.

2-  Li pa pale de afwontman ant 2 gwoup ame e li pa fè tou  referans a gwoup  "Fantom 509", nan depozisyon li te bay Majistra a.

An reyalite pa gen moun ki konnen ki yès ki tire Ajan Mystal Pierre-Richard la? anpil kesyon rete san repons tankou:

Pou ki sa pat gen san sou sèn krim lan?

Pou ki konsta pat fèt sou lye Krim lan?

Pou ki polis syantifik pat   vinn sou lye krim pou chache endis yo ,douy bal yo?

E Pou ki se nan mòg la konsta jij de pè  a te al fè ?

Repons a 4 kesyon sa yo ap ede nou konnen ki sa ki te reyèlman pase nan Lendi 22 Mas sou otowout delnas nan kafou Dema 31.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments