Ki moun ki Abelson Gros-Nègre la ?

 Pòtoprens,Dimanch 28 mas 2021 (Tinouvel.com)

Ki moun ki Abelson Gros-Nègre la ? 

Abelson Gros-Nègre( Polisye revoke pou aktivite sendikal)


    Abelson Gros-Nègre se yon papa 8 pitit ,nèg Bèlè ak  nèg kafou-Fèy.Pou kounye a li  rete nan Enpas Eddy, nan Kafou-Fèy. Li te  lekòl nan lise Alexandre Petion  e li te etidye Syans Jiridik nan UEH, EDSEG (Lekòl Dwa ak Scs. Econ des Gves) e li  te etidye jounalis nan ISNAC .  An  2009  Li te antre nan lapolis .18 out 2009 li sòti nan  21yèm pwomosyon polis nasyonal ayisyen an.Pandan 11 zan sèvis Abelson Gros-Nègre  jwenn 15 transfè nan move kondisyon. Pandan 14 sou 15 transfè  ajan 2 Abelson Gros-Nègre toujou  utilize yon ti moto apolo li te di  li achte  pou  4500 dola ayisyen ak premye chèk lapolis yo.

    Abelson Gros-Nègre alyas Sage le Grand se  manm fondatè  Sendika PNH 17 la li te premye pòtpawòl sendika sa a.Se pou aktivite sendikal sa menn ,nan mwa septanm 2020, sou rekòmandasyon Enspeksyon Jeneral PNH la (IGPNH) Direksyon jeneral lapolis la te revoke li,men anpil mobilizasyon te fèt pou direksyon jeneral lapolis retounen sou desizyon li.

    «Jodi a mwen reyalize anpil polisye poko prè pou yo viv tankou moun, paske nenpòt grapday monnen fè yo prè pou sakrifye menm moun kap goumen pou bonè yo ak pèsonèl administratif PNH la».Se konsa Pòt pawòl SPNH17 la Abelson Gros Nègre te anonse demisyon l apre manifestasyon yo te òganize jou ki te dimanch 17 Janvye 2021 an akòz li te konstate polisye nan PNH te kraze manisfestasyon polisye yo ak gaz lakrimojen  e te pete bal sou pwòp polisye parèy yo.

    Abelson Gros-Nègre se pwopritè yon ti bisnis , boutik  KAY SAGE BAR, gwoup gang ame te boule rapyetè ak fòs kouraj li san lajan sal li rive mete kanpe ti bisnis la.Li se manm fondatè  e aktyel koòdonatè PAPA (Patriyòt aktif Pou Ayiti) yon òganizasyon kominotè nan kafou Fèy.

    Direksyon jeneral PNH la te akize li menn ak 7 lòt mann SPNH17 kòm manm  gwoup  "Fantom 509",jou  Samdi 27 la,  yon machin san plak ak 4 moun abiye ak unifòm UDMO arete ansyen pòtpawòl la SPNH-17 a, Abelson Gros Nègre e mennen li dirèkteman nan penitansye nasyonal.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments