Pòtoprens, lendi 15 Mas fevriye (tinouvel.com)
Jovenel Moïse mande yon entèvansyon Òganizasyon Eta Ameriken ann Ayiti.
![]() |
Luis Almagro ak Jovenel Moise. |
Prezidan defakto ayisyen an, Jovenel Moïse, mande OEA yon "gwo sipò teknik" nan zafè sekirite.Se yon enfòmasyon ki te afiche sou kont Twitter Jovenel Moise nou te ka li "Pandan echanj sa a, mwen te mande OEA sipò teknik pou PNH la goumen efektivman kont bandi ak teworis" .
Jovenel Moïse enkapab pou li fè fas ak klima ensekirite nan peyi l mande Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo, diplomat irigweyen an, Luis Almagro, pou li entèvni nan peyi a pou vinn batay ak gang ame yo pou li.
Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo, Luis Almagro konfime li te gen yon konferans nan videyo nan Lendi ak Jovenel Moise. sou zafè sekirite .
Sèten obsèvatè panse mete Kawo nan peyi, ogmante klima ensekirite ak proliferasyon gang nan tout katye nan kapital ak nan vil pwovens yo se estrateji oligak yo ak ekip phtk mete kanpe pou favorise yon lot entèvansyon peyi etranje sou lobedyans OEA ou LONI pou sekirise enterè ekonomik oligachi aak alye entènasyonal yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.co
Comments
Post a Comment