Joe Biden bite twa fwa pandan li tap monte nan avyon Air Force One.

 Etazini: 19 Mas 2021-( Tinouvel.com)

Joe Biden bite twa fwa pandan li tap monte nan avyon Air Force One.

Joe Biden Prezidan Ameriken


Prezidan ameriken an, Joe Biden tonbe vandredi 19 mas pandan li tap monte Air Force One avan li te ale Atlanta. Rive nan mitan mach eskalye avyon prezidansyèl la , Joe Biden bite twa fwa,yon premye bite sou jenou l,  kouri leve  , li rebite yon dezyèm fwa epi  yon twazyèm fwa, se gras ak men dwat ki fè  li pat blayi plat atè  li te rive pare so sou ramp eskalye avyan an .

Pòtpawòl li, Karine Jean-Pierre deklare, prezidan anfom li trè byen, san   li pa presize si Biden te wè yon doktè anndan avyon  Air Force One  ki te pran yon ti tan avan li vole   nan direksyon pou Georgia.

Sous:LePoint


Comments

  1. Pouki mo tonbe an okay soti nan mouch yon seri moun. Bite se bite Eske w ka monte mach eskalye pou w bite? Ann reflechi.

    ReplyDelete

Post a Comment