Pòtoprens, 6 mas 2021- (tinouvel.com)
DEA ak FBI mennen yon operasyon annayiti pou mete anba kod 2 kriminèl.
Jij Edward Robert Korman responsab afè Etazini kont Lissner Mathieu
![]() |
Jij Edward Robert Korman |
Drug Enforcement Administration(DEA) arete jou mekredi 3 mas 2021 Lissner Mathieu apre 13 zan li te vinn kache annayiti. Yon tribinal ameriken te akize li te enpòte plis pase 500 kilogram kokayin ozetazini ant 2001 ak 2003.Malgre li te plede koupab an 2006 e li te an pwobasyon an 2008 ,Lissner Mathieu te jwenn pèmisyon pou rantre annayiti pou regle kèk zafè pèsonèl depi lè sa fui la jistis tazini ak yon manda pou yo arete li tout kote yo jwenn
13 lane an kaval Lissner Mathieu aka Ti Nwè te ale refijye anba manto PHTK .Sèten enfomasyon ta fè kwè se ta chofè prive ansyen prezidan Jovenel Moise. Sitwayen ameriken sa a tap fonksyone sou diferan fo kat idantite ayisyen . Lapolis konfiske pandan arestasyon l yon badj ofisyèl ki ba Li aksè jeneral nan Palè Nasyonal . Joseph L Mathieu se pwopreyitè tu yon fèm agrikoL, anba chal te kache yon pis avyon debake epi anbake trafik dwog dapre ansyen Senatè Desras Simon Dieuseul.
Yon lòt bò, sou demand Federal Bureau of Investigation (FBI )PNH mete anba kod Benjamin Peterson alyas "Ti Peter Vilaj", nimewo twa nan gang Vilaj de dye a. laPolis transfere Ti Peter Vilaj bay otorite Ameriken yo jounen vandredi 5 Mas la.
Benjamin Peterson alyas "Ti Peter Vilaj te enplike nan yon douzèn ka kidnaping, gen de nan yo se sitwayen ameriken.
Jijman Etazini kont Mathieu (1: 04-cr-00038) pral tande nanTribinal Distrik, E.D(Eastern District.)nan Lès Distri New York. Jij Edward Robert Korman responsab afe saa.Anpil pawol kapab pale ak negosyasyon pou Rediksyon pen posib nan ka sa yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment