Habitant nan Gran Ravin.Ki wol Magalie te jwe nan Liberasyon 3 otaj kite nan men gang nan Gran Ravine ?

 Pòtoprens , Lendi, 1 Mas 2021  (tinouvel)

Habitant nan Gran Ravin.Ki wol Magalie te jwe nan Liberasyon 3 otaj kite nan men gang nan Gran Ravine ?

Magalie HABITANT


Magalie HABITANT yon gwo kad nan pouvwa PHTK te jwe wol transpotèz pou 2  Dominiken ak 

Tinèg  yon Ayisyen yon gwoup gang nan Gran Ravine te kidnape semèn pase a. Albert Augusma Junior aka tinèg fè konnen Yo te transpòte yo nan yon pikòp ki lage yo zòn kapwa e se nan yon Prado nwa  Magalie Habitant  tap kondui   transfere yo nan men yon lòt moun nan Dèlma 75 ki mennen yo Dcpj.3 otaj sa yo pase 48 tè nan DCPJ pou yon swadizan seyans kesyon repons.

Ansyen direktè jeneral SMCRS Magalie HABITANT  te konfime enfòmasyon sa yo sou Majik 9 .Li te presize ke li te aji sou demann prezidan Komisyon Prezidansyèl CNDDR .Li te anpil tan pou li te avwe enstans konsene li tap pale se responsab Komisyon Prezidansyèl CNDDR  a ki te mandel sèvis al transpote otaj yo nan Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) .Apre 48è kidnape pase nan DCPJ,Polisye Jidisyè yo te vle kembe Tinèg  epi remet misyon diplomatik dominiken 2 resotisan panyol ki te refise ale san Tinèg .Polisye te oblije koube ak demand diplomat dominiken ak Maicol Enrique ak Antonio Gerer Campusano Feliz.

48è  nan DCPJ  san benyen, san manje.


Tineg ,Maicol  , Antonio ak Gilbert nan DCPJ

 

Anpil moun ap poze kesyon  ki mesaj yo te vle fè pase ak difisyon video ki ta montre nan ki kondisyon  Albert Augusma Junior ,Maicol Enrique ak Antonio Gerer Campusano Feliz te ye pandan gang nan Gran Ravine te kenbe an otaj ,prive yo libète pandan 7 jou. Mèsi Madame, habitan nan Pòtoprens konpran mesaj la. 

Eske yo te peye ou pa  ranson de (2) milyon dola ameriken an echanj  libète 3 otaj yo. Pyès moun pa p jann konnen paske se otorite nan  gouvènman defakto Jouthe-Moise ki te mennen  negosyasyon yo pou jwenn liberasyon  twa jenn gason  sa yo.


Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments