Pòtoprens, 11 mas 2021- (tinouvel.com)
Gwo sitin devan anbasad amerikèn.
Divès militan te prezan douvan anbasad amerikèn,nan taba jounen 11 mas 2021 an pou mande gouvènman Joe Biden nan pou koupe fache ak gouvènman Jovenel-Jouthe la.Opozisyon an lonje dwèt sou Etazini kòm peyi kap sipòte rejim bout di ki sou pouvwa annayiti.Patisipan nan sitin denonse madan sison ak madam la lime ki mare sosis yo ak pouvwa ditakti Jovenel MOISE kap kontinye bay kidnapin jarèt nan sosyete a.Yo souhete kongrè amerikèn rale zorèy 2 ambasadè sayo.Sitin lan te pase san ensidan.
Operasyon bat tenèb 15, 16 , 17 mas atravè tout peyi an. Pandan 3 jou sa yo, popilasyon an pral fè bri, frape chodyè ,tout bateri kwuizin yo a midi tapan pou di yo bouke.Nan menn lojik sa a, chofè yo ak motosiklis yo ta dwe klaxonen ansann ansanm pandan dis minit ,dapre Marjory Michel (manm nan sektè demokratik la) .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com


Comments
Post a Comment