Grèv san limit nan Lopital Inivèsite Justinien okap.

 Cap-Haitien,Madi 16 Mas 2021(tinouvel.com)



Grèv san limit nan Lopital Inivèsite Justinien okap.

Doktè yo, enfimyè  ak manm pèsonèl administratif nan Lopital Inivèsite Justinien okap deside kanpe travay pou pwoteste sou fason Ministè Sante Piblik ak Popilasyon  ap jere lopital sa a. Divès sèvis  tankou: uroloji, matènite, medsin entèn, ijans, laboratwa ak  blok operasyon ap mache trè mal e pa gen materyèl pou yo fonksyone .

Grevis yo mande pou leta santral la fè travay reyabilitasyon nan bilding lopital la, ki nan yon trè movèz kondisyon .

Yo  akize leta  abandone lopital Inivèsite Justinien nan Okap san resous ,tèt kay la koule se ak flash  nan telefon yo oblije fè operasyon sou pasyan yo.Grevis yo menase pou fè yon grèv  manch long toutotan Ministè a pa satisfè revandikasyon yo.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments