Fantom 509 pa "Made in USA".

 Tinouvel-opinyon

 Teks Peter Ronald Berlus



Fantom 509 pa "Made in USA"

    Depi ou wè anbasad etazini rejte on bagay, di li pa bon pou peyi a, konnen li pa nan enterè yo, kouri pran li, sèvi avek li, se paske li twò bon pou nou. Pèp USA kouri dèyè donald trump, gouvènman USA menm kwoke jovenel nan fal nou.

Ak ki moralite michel sison ap trete 509 Fantom de gwoup kriminel aloske depi 2011 depatman deta mete on gwoup teworis ki rele phtk nan tèt peyi a, e michel sison ap non selman sipòte yo, li menm favorize federasyon gang pou teworize pèp la. Se pa michel sison sa ki te debake nan DCPJ jou 17 fevriye 2019 pou al pran 5 mèsenè etazinyen : christopher michael osman, christopher mark mckinley, kent leland kroeker, dustin porte, talon ray burton, ak 2 lòt mèsenè Serb ki se rezidan etazinyen, danilo bajagic, vlade jankvic ke ajan PNH yo te arete akoz yo antre sou bout zile papa Dessalines nan an konplisite ak gouvènman phtk, ansanm ak kelke oligak, vini bay pep la bal nan kè ak nan tèt la. 

Pa pi lwen ke yè 22 mars la, gen on sitwayen etazinyen blan ki antre nan on sipè mache ki rele King Soopers, nan vil Colorado USA, li ouvri bal sou moun, gen 10 moun ki mouri ak plizyè blese, pa gen on atik nan jounal USA ki trete zak sa de teworis, okontrè yo di se medikaman misye pat pran.

proud boys demantibile Capitol Hills jou ki te 6 janvye 2021, plizyè moun mouri, se gad nasyonal vis prezidan Mike Pence te oblije rele pou pote sekou, pyès jounal USA 🇺🇸 pa janm kalifye sa kòm zak teworis. Gen plizyè gwoup ame ki toujou ap pèsekite moun, lenche nwa, ak lòt imigran, pami yo gen sa ki pi selèb la ki se on òganizasyon sipremasis blan ki rele Ku Klux Klan (KKK) ki kreye aprè gè sivil ki te opoze Sid ak Nò etazini nan 1865, e yo te jwenn benediksyon Kongrè Etazini a an 1870 - 1871, kote moun blan Sid rasis yo te vle kenbe moun nwa nan esklavaj, jiska prezan yo pa janm trete òganizasyon KKK de teworis, alòske nou tout konnen sipremasis blan sa yo gen plis ke 2 syèk depi yo ekziste.

Se sel on enbesil ki pa janm fè rankont ak listwa, ki pou pran pawol michel sison kòm sijè serye pou debat. Fok mwen di nou, depi depatman deta, anbasad etazini chwazi on moun pou nou, nou mèt rele chalbari dèyè li, paske yo pa janm nan enterè nou.

 G9 an fanmi e alye Made in USA

Eske nou janm wè yo konteste G9 ? Non.

Eske nou wè yo te soti on nòt sou plizyè vayan polisye ki peri vilaj de Dye a ? Non.

Eske yo bay PNH la bon asistans pou al chèche rès kò frè polisye yo ki rete entwouvab pou fanmi yo? Non.

Eske nou wè yo janm pale de plis pase 400 prizonye léon charles lage yo ? Non.


    Nou ka remake, preyokipasyon anbasadè phtk michel sison se kraze 509 Fantom, paske se sel enstans yo pa ka rekipere pou al ranfòse G9 an fanmi ak alye pou yo, on fason pou yo Fè referandòm ak eleksyon Krèy Elektoral Prezidansyel yo a. 


Peter Ronald Berlus, 

Artiviste, Militant.

VIJILANS AK REZISTANS  !

Comments