Potoprens, Lendi 15 Mas (tinouvel.com)
Ayiti-ensekirite
Fanmi polisye yo kontinye ap reklame kadav pitit ak mari yo .
Fanmi polisye ki mouri nan kanaj vilaj de dye kontinye ap mande otorite yo pou yo al rekipere kadav mari yo nan vilaj de dye.
Marie Carline Sanon madam Ariel Poulard deklare jiska jodia pa gen okenn otorite nan leta a ki rele pou souhete kondoleyans ni pou di yo ki jan yo pral rann polisye yon denyè omaj.
Tout demach yo fe rete san repons,otorite refuse pale ak yo e pirèd bandi vilaj de dye ap rele pou yo menase dapre madan Stanley Eugène.
Nap pibliye non 2 nan 5 polisye ki mouri nan kanaj Vilaj de Dye a.
Ariel Poulard 34 an , Ajan BOID mouri pandan operasyon vilaj dedye e li kite 2 pitit fi 11 mois ak 3 zan.
Stanley Eugène 37 an ajan Swat Team mouri nan kanaj vilaj de dye ,li kite 2 pitit fi.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com

Comments
Post a Comment