Enspektè Jeneral Carl Henry Boucher nan isolman apre odisyon,polisye 26è pwomosyon refize resevwa nan Akademi la polis.

 Pòtoprens, 16 mas 2021.- (tinouvel.com)

Enspektè Jeneral Carl Henry Boucher nan isolman apre odisyon,polisye 26è pwomosyon refize resevwa nan Akademi la polis.

Enspektè Jeneral Carl Henry Boucher


Enspeksyon jeneral lapolis  lonje dwèt sou Enspektè Jeneral Carl Henry Boucher pou patisipasyon li nan move planifikasyon operasyon polis nan Village de Dieu.Apre odisyon Enspektè Jeneral Carl Henry Boucher otorite nan lapolis tout kenbe li nan isolman nan aprèmidi  Madi 16 Mas 2021 la.Enspektè ki tap tande Carl Henry Boucher konfiske zam li ak badj li anvan yo te transfere li nan akademi polis  .

 Enspektè Jeneral Carl Henry Boucher  Fache ak mezi sa a yo pran kont li .Enspektè deklare li pat janm bay lapolis enstriksyon nan kad operasyon sa a. "Mwen pa responsab  echèk operasyon an," dapre yon deklarasyon li fè nan Le Nouvelliste.

Polisye 26è pwomosyon refize resevwa nan Akademi la polis.

Polisye nan  26è pwomosyon aktyèlman nan yon twazyèm faz fòmasyon pat vle resevwa Enspektè Jeneral Carl Henry Boucher anndan Akademi an. Enspektè Boucher pa t kapab antre nan enstitisyon an, se nan espeksyon jeneral yo dwe mete li paske se nan espas sa a yo toujou mete tout polisye ki nan isolman dapre pwotestatè yo.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments