Donald Trump lanse yon sit entènèt ofisyèl pou sipòtè li yo .

 Pòtoprens, madi 30 mas 2020 (ti nouvel.com)

Donald Trump lanse yon sit entènèt ofisyèl pou sipòtè li yo .



Ansyen prezidan ameriken Donald Trump te anonse lendi 29 mas ke li te lanse yon nouvo sit entènèt.  45office.com, se non sit entènèt ofisyèl Donald ak Mélania Trump lanse nan etazini, se yon sit ki la pou fè  lwanj pou Donald Trump ak kenbe kontak ak sipòtè li  yo ki pa janm lage li. 

Nan paj akèy ou ka wè foto Donald Trump akonpaye ak Mélania plis lòt figi politik ak militè yo. Nou kapab li  sou sit objektif  45èm Prezidan Etazini an tou: "Se prezève bèl eritaj administrasyon li an e eseye avanse nan pwogram Amerik  an Premye "

Sit sa a pral fè  dyolè selman sou tout gran dosye  li ranpote gwo siksè li yo, tankou sekirite nan fwontyè ak Mexique , ranfòsman OTAN òganizasyon Trete Nò Atlantik ak alyans entènasyonal yo men li pap pale ni skandal ,ni envestigasyon pou koripsyon ak pwosedi  akizasyon li te enplike .

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments