De (2) ofisye Polis Kapitòl kite blese nan atak nan 6 janvye pote plent kont Donald Trump .

  Pòtoprens, Mèkredi 30 mas 2020 (ti nouvel.com)

De (2) ofisye Polis Kapitòl kite blese nan atak nan 6 janvye  pote plent kont Donald Trump .



De (2) ofisye Polis Kapitòl rele lajistis ansyen Prezidan Donald Trump pou blesi fizik ak sychik nan revòlt 6 janvye 2021,  2 polisye sa yo pote yon plent federal madi 30 mas nan Washington, D.C. 

Ofisye James Blassingame, yon veteran 17 lane nan lapolis Kapitòl Ameriken an, ak Sidney Hemby, yon lòt veteran 11 lane ki te sibi gwo atak anba men patizan Trump ki te anvayi kapitòl la , yo te kraze brise e menn menase  fòs lòd yo ak  mann kongre ameriekn nan.Se premye plent polisye viktim yo pote kont Trump ki te ankouraje foul al fè vyolans  nan kad rasebleman "stope vòlè eleksyon" .

Demokrasi ak la justis lakay yo,Diktati ak enpinite lakay nou.

Pandan sitwayen ameriken deside pote plent kont yon ansyen prezidan ameriken annayiti gouvènman ameriken kontinye ap sipòte alye l Jovenel Moise pou kroke nan gagann pèp ayisyen yon konstitisyon ilegal nan atik 139  ki pral legalize enpinite pou tout moun ki tap jere leta, apre 2 mwa dapre konstitisyon Jovenel Moise lan, sitwayen ayisyen pap ka rele lajustis otorite delekan yo.

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com

Comments