Chann depute ameriken vote 2 lwa separe sou imigrasyon ,Jedi swa , se premye fwa Kongrè a te vote pou regilarize imigran san papye.
Washington ,18 Mas 2021( tinouvel.com)
Chann depute ameriken vote 2 lwa separe sou imigrasyon Jedi swa , se premye fwa Kongrè a vote pou regilarize imigran san papye.
Premye lwa yo te vòte a , rele H.R.6, Lwa Ameriken sou rèv ak pwomès 2021, Depite Demokratik Lucille Roybal-Allard nan Kalifòni patwone l.
Lwa sa a louvri chemen pou bay tout dreamer yo sitwayènte ki pral ede tout jenn imigran san papye yo ak tout moun ki te resevwa Estati Pwovizwa (TPS) yo Deferred Enforced Departure beneficiaries ap regularise yo tou Lejislati a pral pemet 4.4 milyon imigran san papye vinn gen rezidans.
228-197 se vòt final la . Nèf Repibliken te vote ak Demokrat yo Reprezantan Don Bacon nan Nebraska, David Valadao nan Kalifòni, Fred Upton nan Michigan, Dan Newhouse nan Washington, Brian Fitzpatrick nan Pennsylvania, Chris Smith nan New Jersey ak Maria Elvira Salazar, Carlos Gimenez ak Mario Diaz -Balart nan Florid.
dezyem lwa chanm depute a te vote se H.R.1603, Lwa modènizasyon travayè agrikol nan fèm yo , lwa nan tet kole repibliken ak demokrat ki te depose nan chanm bas .
Pwojè lwa a ta pèmèt travayè agrikòl yo, ak mari oswa madanm yo ak pitit yo, jwenn estati legal nan kontinye travay nan sektè agrikòl la, "Sa a se yon jou trè espesyal pou nou," dapre Nancy Pelosi House Speaker.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
sous
Comments
Post a Comment