Pòtoprens, 12 mas 2021- (tinouvel.com)
Operasyon nan vilaj dedye :Malgre SOS ajan nan operasyon yo te lanse okenn ranfò pat vini.
![]() |
S.W.A.T ayiti. |
Nan echanj ant polisye yo ki te nan operasyon nan vilaj dedye ak CRO(kominikasyon lapolis) pou te lanse yon SOS ,apèl la te san repons. Sèten polisye te utilize telefon pèsonèl pou yo voye mesaj bay kamarad yo pou mande ranfò pou yon pakòp lapolis kite andanje nan mitan bal bandi ame 5 segonn yo, tèt polis la te enkapab pou pwoteje polisye yo. Ajan boid ,blts , SWAT lage pou kont nan vilaj dedye san sekou ,san ranfo e sitou san minisyon. Nan kominikasyon sa yo yon polisye panike e enpuisan admèt bandi izo yo lapide epi touye 3 polisye yo mete dife sou 6 lòt ki nan yon blinde ,3 lòt tap mete strateji pou yo kapab sòti vivan nan vilaj la.Polisye ki te nan operasyon yo fistre anpil yo mete an kesyon fason operasyon sa yo te monte.Operasyon pat byen planifye,seten polisye kwè se nan boucheri yo te mennen yo, gen lòt ki panse tèt lapolis te sous estime zam ki te nan men bandi yo e direksyon PNH pat gen enfomasyon sou repons bandi yo .
Lapolis blese, panike , yo pare pou tou lè bagay.
Dapre sous polisye an misyon yo ta sanble 7 ajan nan PNH ta pedi lavi yo ,7 polisye ki sakrifye lavi yo pou anyen. Polisye ki an kòlè pèdi tout metriz yo ,gen nan yo ki anvizaje fè operasyon reprezay, vanjans sou popilasyon sivil site dedye a.Gen polisye ki santi yo enpuisan e ki rann direksyon la polis responsab deroute saa.Genyen ki pare pandan operasyon an touye tet yo pou evite bandi touye yo.Gen lòt ki chwazi wout demisyon, remèt zam ak ekipman pou pwoteste kont operasyon sa a ki mal prepare.Men atansyon fòk tout unite nan lapolis rete kalm, pa presipite nan okenn operasyon pou al fè san inosan koule pou granmesi menn si se yon devwa moral yo genyen pou trake tout bandi kap siman laterè nan peyi dayiti.
Pwoblèm politik , repons politik .
Se pa yon sekrè pou pesonn se gouvènman PHTK ki kreye gang sa yo nan peyi a.Se yo menn ankò ki te deside federe an G9 . Pou prèv tilapli yon chèf gang te fè konnen Gwo otorite ayisyen te konn bay yo lajan chak mwa .Gwoup ame sa yo lye tu ak seten otorite ki alimante bandi sa yo zam. minisyon ,manje ak lajan .Se menn gwoup ame sa yo ki tap manifeste devan je lapolis nan lari matisan. Se politik la ki kreye yo se politik ki pou rezoud pwoblem nan sispann bay yo proteksyon ak lajan.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
uhm
ReplyDelete