Bon travèse kamarad Jack

 Pòtoprens Dimanch 28 mas 2020 (ti nouvel.com)

Ayiti- Lanmo :Ansyen depute Jacques Garçon mouri .

Ansyen depute Jacques Garçon.


Bon travèse kamarad Jack

Ansyen depute Jacques Garçon mouri sibitman jounen dimanch 28 mas nan lakou New Jersey.Jacques Garçon se te depute nan 46e Legislati a e li te mann lèl pwogresis nan Chann depute a .Nou koube n byen ba devan depouy gran gason ki te non sèlman kamarad klas nou se te yon  konbatan pwogwesis nou te kontre nan batay pou otonomi inivèsite a.Se te yon gran depute nan blòk Anti Néo-Liberal la  ki te mennen yon gwo batay kont privatizasyon antrepriz piblik yo,nan 46e Legislati a.

Anpil zanmi ak kamrad konba li ap rann yon dènyè omaj :

Jacques Garçon ansyen etidyan INAGHEI (1990-1994) Ansyen dirijan KLE(Komite Lit Etidyan). Ansyen depute  PROP ak  blòk Anti Néo-Liberal la  (1995-1999) te reprezante sikonskripsyon ST Louis du Nord   travèse matin  an nan Ville Maplewood, NJ aprè yon kriz sibit.

Nap salye depa vanyan gason sa a ke nou te rankontre nan rezistans kont koudeta militè 29 Septanm 1991 la.

Kamarad Jacques  yon nèg onèt, pròp e entegral  te konsakre tout vi li ak batay pou chanje St Louis du Nord ak peyi Dayiti kote tout moun kapab viv nan diyite. Pandan nap pran angajman pou nou kontinye batay sa a nap di kamarad Jacques bòn travèse.

Roland Sainristil

Queens, NY

Dènye konvèsasyon mw te genyen avek kamarad Depite jack Garçon , pa pita yè a 14:40 lite di m li tris anpil jan li wè kondisyon peyi epi konpotman otoritè , ridikil yon seri kamarad kap pran poz chèf pandan kondisyon mas defavorize yo ap vini pi mal epi jovnel ap mete diktati l kanpe nan figi nou epi nap ranse nan koze se mw kifè se si , se mw kifè se la epi kisa ? Ki kote nou ye jodi a ?

Antouka jan kamarad Roland di l la , kamarad jack nou konnen ou ale ak anpil regrè nan kè w , men tou tan Roland, tiluckner, ti Yves, Ismack, Bruno doktè, Ti Bruno profesè, Eddy Lucien ,Dimy ak tout lot kamarad yo la lide a Pap janm mouri ,

Baron Douge

Port au Prince Haiti

Bon travèse kamarad jack

Bon travèse ansyen depite Jacques Garcon . Depi m piti m te konn wè vin fè politik lakay la ak paran m. Lè w  te pral kandida pou Sen Lwi, ou te pase mande yo benediksyon ak sipo. Ou te toujou nan tout batay pwogresis kont fos fè nwa. Dènyè fwa m te wè w se te avan ane 2020 an fini. Ou te pase pote yon komisyon lakay la. Nou te fè yon ti tan pale de sitiyasyon peyi a. M pa t konnen w te malad m tande ou mouri. Ou devan nou dèyè.

Jolette Joseph

tinouve509l@gmail.com

Comments