Pòtoprens, 13 mas 2021- (tinouvel.com)
Ayiti-ensekirite
Ak dlo nan je Manman Ajan SWAT Desilus Wislet mande kadav pitit li pou fè fineray li.
Ak anpil diyite malgre li tap pale ak dlo je Madan Desilus mande pou Leon Charles al chache kadav pitit li an yo kite ap pouri nan Vilaj de Dye.Nou sakrifye pitit mwen ,mwen pa vinn mande nou anyen ,mwen kap fè antèman piti mwen, sivouple otorite peyi m remèt mwen kò pitit mwen menn si yon ti moso ban mwen li ma antere nan lonè ak diyite.Madan Desilus mande chèf bandi Vilaj de Dye Izo pèmèt li jwenn kadav la pou fineray ,mwen gen milyon pou mwen peye pou sa .
Mèsi drapo mwen,Mèsi Jovenel Moise ,Mèsi PHTK se konsa madan Desilus fèmen interview nan ranmase jounen samdi 13 mas la.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment