Bandi Vilaj dedye egzekite Poulard ak George Alexis 2 polisye SWAT , 5 lòt toujou anba men bandi yo .
Pòtoprens, 11 mas 2021- (tinouvel.com)
Ayiti-ensekirite
![]() |
polisye egzekite |
Operasyon lapolis nan Vilaj dedye vandredi 12 Mas , Bilan:bandi yo egzekite 2 polisye SWAT , 5 lòt toujou anba men bandi yo .
Kòlè,revòlt,endignasyon ,fustrasyon pa gen mo ankò pou kalifye plizyè videyo kap sikile sou rezo sosyal yo, videyo kap montre koman bandi ame tap maltrete polisye yo anvan yo ta egzekite ajan PNH ki nan inite entèvansyon SWAT .Bandi nan Vilaj dedye mete lapolis an derout jounen vandredi 12 mas la .Bandi nan gang 5 Second egzekite 2 polisye epi pran 5 lòt an otaj.Nèg ak zam nan vilaj dedye Izo ap dirije boule 2 blinde lapolis e sezi plizyè zam ak lòt ekipman ki te nan blinde yo.Dapre kèk temwen plizyè polisye ta blese pandan operasyon saa.Poko gen enfomasyon pou konnen eske gen bandi ki mouri ou byen ki ta blese anba bal lapolis.Anpil moun reklame demisyon Direkte jeneral Lapolis Leon Charles pou enkonpetan.Poulard ak George Alexis se ta 2 polisye gang ame nan vilaj dedye ta lapide.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment