Ayiti / Kidnapin:Bandi ak zam kidnape mèt estasyon gaz Bonjour yè dimanch lan nan Mariani.

 Pòtoprens, 1 mas 2021-  (tinouvel)

Ayiti / Kidnapin:Bandi ak zam kidnape mèt  estasyon gaz Bonjour  yè dimanch lan nan Mariani.



Se  abò yon machin blan plak Sèvis Leta vit tente bandi ak zam pote ale Jean Marc Condestin. Selon sa temwen rapòte yè dimanch 28 fevriye a nèg ak zam rantre anndan biwo bisnis lan pran Jean Marc Condestin fòse li monte nan machin lan epi pran direksyon wout ray ak li nan komin kafou.Jiska prezan bandi yo poko rantre an kontak ak fanmi viktim lan.

Jean Marc Condestin  genyen 46 lane e li se pwopriyetè yon estasyon gaz ki rele Bonjour nan Mariani, nan vil Kafou.


Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

Comments