Pòtoprens , Madi 2 Mas 2021 (tinouvel.com)
Atansyon Danje : Men Toyota Prado nwa a.
Abitan nan kapital ap pale yon sèl koze yon prado nwa ki enplike nan plizyè ka kidnapin nan Pòtoprens .Se nan yon Toyota Prado nwa kèk Nèg ame fòse enjenyè Alix Clément monte nan machin sa a jounen Madi 2 Mas nan Avenue N.Enjenyè Alix Clément se mari Minis Sante a.
Nan menn jounen madi 2 mas sa a temwen te kontaste 2 lòt ka kidnaping nan rejyon metwopoliten lan.Youn bò Hotel Prince ant Ave. N ak Rue 3. Lòo la nan Rue la montagne toujou zon Ave N. Bandi ak gwo zam yo tap sikile nan 2 gwo machin tout tèren, pa aza youn ladan yo se te Toyota Prado nwa a.
![]() |
enjenyè Alix Clément |
Bandi ame al lachas chak jou, yo touye, yo kidnape , Sendikalis nan sektè transpò yo reklame liberasyon 2 Chofè yo .
Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè Ayisyen yo (APCH), anonse pou komansman ane 2021 bandi ame
Manm APCH fè konnen bandi ame gen nan men yo yon lòt Chofè yo tire nan pye li nan men ravisè yo depi 10 jou. Yo reklame 1.5 milyon dola ameriken pou libere li .Manm APCH ak sendikalis nan sektè transpò yo anvisaje kanpe travay nan jou kap vini yo pou pwoteste kont zak kidnapin yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment