Pòtoprens, 9 mas 2021- (tinouvel.com)
Atak ame madi 9 mas 2021 sou katye jeneral EdH bilan: yon moun mouri ak 3 blese.
Apre refi Direksyon Jeneral EdH pou pa finanse festivite 3è anivèsè gwoup ame 5 segonn nan vilaj de dye,bandi ame atake madi 9 mas 2021 katye jeneral konpayi an nan bisantnè.Dapre Radio kiskeya yon chofè moto te mouri pandan echanj kout zam ant bandi ame yo ak yon patrouy lapolis.Pami blese gen yon anplwaye EdH ki rele Max Stepen Gourdet ki nan sèvis komptabilite,yon macahn te ak yon pasan.
Direksyon Jeneral EdH a kondane avèk fòs atak ame madi 9 mas 2021 ki fèt sou katye jeneral konpayi an nan bisantnè .Nap raple ke gwoup 5 segonn nan vilaj de dye te ekri direktèe jeneral EdH Michel Presume yon lèt ki tap sikile sou rezo sosyal yo pou mande èd pou reyalize yon gwo fèt anivèsè nan vilaj de dye ki sou otorite Izo ak Manno .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment