ASRAP) kondane ak tout fòs li zak entimidasyon yon gwoup Malfèktè Kriminèl san fwa ni lwa ANI mele ak BESAP, Òlblak ki degize an ajan DCPJ fè sou Atis Léonard Tout-Puissant alyas IZOLAN .
Pòtoprens , Jedi 24 mas 2021 (tinouvel.com)
Pòtoprens, jou ki 25 mas 2021.
Nòt pou Laprès
Komite Ekzetif Asosyasyon Rapè yo (ASRAP) kondane ak tout fòs li zak entimidasyon yon gwoup Malfèktè Kriminèl san fwa ni lwa ANI mele ak BESAP, Òlblak ki degize an ajan DCPJ fè sou Atis Léonard Tout-Puissant alyas IZOLAN nan apremidi mèkredi 24 mas la nan Ayewopò Tousen Louvèti pandan li ta pral pran avyon pou li ale Sendomeng.
Anpil moun ki te wè aksyon malonèt gwoup Malfèktè ak gwo zam fann fwa fè sou Rapè IZOLAN an, menm kote a, yo te fè bwi a kouri pou move nouvèl sa te gaye. Manm ANI / BESAP/ ÒLBLAK pouvwa defakto a te voye vin Kidnape Atis la, te pran gwo presyon devan eskonbrit ki te kòmanse fèt sou Rezo Sosyal yo ak nan tout Estasyon Radyo ki pa nan tete lang ak pouvwa Sanginè sa a. E kòm li te twò bonè yo pran pòz mennen IZOLAN nan DCPJ, paske pèp souvren yan gentan devye kou lanmò pouvwa manda fini an te planifye kont IZOLAN menm jan yo konn abitye fè sa sou anpil Konpatriyòt nou yo.
Men kòm otorite Tèt Kale yo wè Pèp Souvren an kanpe sou brenzeng yo pou yo rele anmwe kont Kidnaping yo fè sou IZOLAN, yo kouri lage Ii.
Devan vye zak Entimidasyon sa a yo, ASRAP mande pou tout Rapè, mizisyen ak atis nan kelkeswa domèn nan pou yo denonse ak tout fòs yo Anlèvman ak Entimidasyon sa kriminèl san fwa ni lwa pouvwa fè sou Rapè IZOLAN.
ASRAP ap tou pwofite ankouraje tout lòt Atis yo pou pote kole nan tout Mouvman Mobilizasyon pou ekzije otorite lwijanboje nan pouvwa respekte ATIK 134.2 ya, pou yo sispann pase Manman Lwa Peyi a anba pye, pou pita pa pi tris.
Pou fini, ASRAP ap poze tèt li kesyon poukisa Renand Hedouvil ki di li gen misyon pou li defann dwa Sitwayèn ak Sitwayen, pa janm di menm yon mo devan tout vye zak foli diktatè ya ap fè nan tèt peyi a depi 4 ane, deja manda yo fini depi 7 fevriye 2021 an.
ASRAP ap mande Jistis ak Reparasyon pou tout Sè ak Frè nou yo ki viktim zak maspinay ak pou sila yo ki menm rive pèdi lavi yo nan lanfè rejim Tèt Kale kreye a.
Viv AYITI !
Viv konstitisyon 29 mas 1987 la,
Pou Komite a :
Peter Ronald BERLUS
Daniel CHERUBIN (TRAJIK)
Elkeen MYRTI
Comments
Post a Comment