Pòtoprens , Mèkredi 24 mas 2021 (tinouvel.com)
Arestasyon epi liberasyon Izolan manm fondatè Barikad crew.
![]() |
Jean Léonard Tout-Puissant Aka Izolan |
Ajan direksyon santral polis jidisyè DCPJ arete mèkredi apremidi Jean Léonard Tout-Puissant Aka Izolan pantan li tap pran avyon nan epòt Mayi gade pou l ale nan Repiblik Dominikèn. Yo te anbake li san manda nan DCPJ e yo te deside tande li san prezans avoka l. Apre plis pase katrè ( 4 ) tan nan entèwogatwa finalman Direktè DCPJ te deside libere san li pat bay motif arestasyon Izolan.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment