Pòtoprens, 8 mas 2021- (tinouvel.com)
Ayiti 8 Mas libète pou 4 fanm kap kroupi nan prizon san jijman depi 7 fevriye.
Djeunicka PHILIPPE 21 ans ,Saintume Chantale 37 ans ;Dr Marie Antoinette Gauthier ; Marie Louise Gauthier : 62 ans se 4 fanm pami 17 moun pouvwa defakto Jovenel Moise te arete ilegalman nan Vilaj Tibwa 7 Fevriye a.Yon mwa yon jou 17 prizyone politik poko jann pase devan jij natirèl,malgre jefo avoka yo .San manda nan mitan lanmwuit USGPNH vyole tout dwa fanm sa yo.8 mas 2021 se okazyon pou oganizasyon nan sosyte sivil fanm kou gason kontinye reklame jistis pou 4 medam yo.
Fanm pa bezwen flè e yo bezwen solidarite.
8 Mas Jou gen plizyè fason yon nonmen nan mond lan.Yo rele Jou Nasyonzini pou Dwa Fanm ak lapè entènasyonal "Jou Entènasyonal Fanm"Jou Dwa Fanm yo. Pa jounen fèt fanm pou gason sexis ap chwazi dat sa a pou yo ofri flè bay madanm yo, manman yo, grann ak zanmi yo.
Se yon jounen ki konstwi nan batay fanm menmen pou fe respekte dwa fanm an patikilye pou bese inegalite ant fanm ak gason.
Jou fanm se pa yon kado nasyonzini bay fanm men se rezilta lit yo tap mennen pou satisfè revandikasyon an lagan an 1857 fanm travayè Ameriken te fè grèv pou mande chanje kondisyon nan izin yo. Se jounen fanm te chwazi pou mande dwa pou kapab vote menn jan ak gason.Jou batay pou touche menn kantite lajan ak gason.Depi 1921 bloc sosyalis ak kominis jouk nan fen ane swasant yo te chwazi dat sa yo pou feminis kontinye denonse sosyete patriyakal sa a jiska an 1977 Nasyonzini pran woulib pou fòmalize jou a, envite tout peyi yo nan planèt la selebre yon jou an favè dwa fanm yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com

Comments
Post a Comment