4 Polisye Fantom 509 libere , rete disponib pou lajistis.

 Pòtoprens, 17 Mas 2021-( Tinouvel.com)

4 Polisye Fantom 509 libere yo , rete disponib pou lajistis.



  Eliphète Bonfritz, Becker Beaublanc, David Zidor ak Edyvenson Joseph  4 polisye manifestan ak  frè dam yo  te lage nan gadavi nan komisyara Delmas  33 prè  pou yo  parèt  devan jij yo a nenpot ki lè nan nenpot ki monan pou reponn kesyon lajistis dapre avoka yo.

  Nan  not sa a konsèy avoka anonse 4 polisye sa yo  pa ni sove nan prizon, ni yo pap kouri pou lajistis.Se sou yon kout chans yo libere  e lè yap parèt devan otorite jidisyè  tankou polisye ki lib e libè tankou sitwayen la jistis pa janm te kondane yo.

Nap raple  nan  jou 21 janvye 2021,   delege depatmantal Nippes ak yon gwoup malfra san fwa ni  lwa te arete ilegalman nan Petit-Goâve  Eliphète Bonfritz, Becker Beaublanc, David Zidor ak Edyvenson Joseph,  yo pou prèske 2 mwa nan detansyon prevantiv nan komisarya Delmas 33 .

André Michel, Jean Michel Augustin, Marc Antoine Maisonneuve, Axène Joseph ak Arnel Rémy ki siyen nòt sa a .

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments