Pòtoprens , Vandredi 26 mas 2021 (tinouvel.com)
3 Jounen moblizasyon nasyonal ak entènasyonal pou respè konstitisyon 87.
Nan okasyon 34 anivèsè konstitisyon 87 la plizyè aktivite mobilizasyon pral òganize pou mande respè konstitisyon.Plizyè òganizasyon politik,regwoupman pwogresis ak mann nan sosyete sivil anonse yon leve kanpe kont pouvwa defakto Jovenel Moise pandan 3 jou.
28,29,30 mas nan tout peyi a òganizatè mande tout moun ,ti machann, travayè , pwofesè kretyen , jèn dwe soti pa bann e pa pakèt pou yo al di non ak kidnapin , non ak vol , koripsyon , wi pou respè konstitisyon.Ayisyen dwe kanpe debou pou stope deriv otoritè Jovenel Moise.Josue Merilien anonse gen divès òganizasyon pwogresis nan divès lòt peyi sou planèt la ap patisipe nan gwo jounen solidarite ak ayiti nan kad mobilizasyon kont diktati ak kont kòripsyon.Randevou kaze sou plas konstisyon pandan jounen 28 ak 29 mas la.
Diaspora pap Chome ,mobilizasyon pirèd pou respè konstitisyon 87 la.
New York,Miami ak kèk lot vil nan daispora pral oganize plizyè aktivite mobilizasyon.Nan Miami samdi 27 mas sektè pwogresis la pral oganize yon sitin devan estati Toussaint Louverture Memorail nan North Miami .Devan nazyonzini nan 1e av ak 47em st diferan oganizasyon pral kanpe piket yo pou di non ak Jovenel Moise wi pou respe konstitisyon non ak referandom malatchon.
Comments
Post a Comment