15 sou 17 prizonye politik yo lage .

 Pòtoprens , Vandredi 26 mas 2021 (tinouvel.com)

Liberasyon 15  sou 17 prizonye politik



 15  sou 17 polisye politik jwenn liberasyon jounen vandredi 26 mas la apre yo finn pase plizyè jou 48 jou nan prizon .

Apre òdonans istorik kou dapèl ki te egzije liberasyon imedyat 17 prizonye politik finalman admistrasyon penitansyè peyi dayiti libere 15 nan yo.Sineus Roosevelt pa rive jwenn libète akòs non li pa figure nan òdonans kou dapel la.Yon lòt kote Phillipe Genika pa libere pou yon erè nan dispozisyon non ak prenom li nan lis pou libere yo. Nan òdonans lan se Genika Phillipe men nan kaye prizon se Phillipe Genika.Mèt Anel Remy pwomet yo  pral travay pou libere 2 lòt prizonye politik yo.

Nap raple 17 moun sa yo te arete nan yon swadizan koudeta 7 fevriye 2021,jou ki te konstate manda Jovenel Moise fini men li  te deside abitrèman ak ilegalman pran yon ralonj.Pami moun ki libere nou ka site non Agromon Louis Buteau,Claude Veillard,Dr Marie Antoinnette Gauthier e latriye.


Comments