Tinèg ak 2 dominiken yo toujou nan men ravisè yo:Lapolis di pat gen bakòp devan dèyè.
Lapolis demanti enfomasyon ki ta fè kwè te gen 2 bakop PNH ki tap sekirize flon machin Muska Films lan pandan kidnapin 3 moun nan delegasyon saa.Pòt pawòl PNH an Garry Desrosiers konfime se yon machin Nissan blan plak sèvis leta ak endividi ak gwo zam ki kidnape yon sitwayen ayisyen ak 2 resòtisan dominiken.Pat gen bakòp pnh ni devan ni dèyè se selman 4 polisye ki te nan delegasyon dapre Enspektè Desrosiers.Direksyon santral polis jidisyè louvri yon ankèt e DCPJ ap tande 4 polisye yo.
Gilbert Mirambeau Jr ko fondatè ,pwodiktè ak senarist nan Muska Films pèsite pou l di konvwa te sekirize ak 2 bakop lapolis . Nou te gen 15 machin ,plis pase 60 moun ak 8 polisye nan delegasyon saa ki te sòti jakmel (Sides) .Kom dabitid te gen yon bakòp devan yon bakòp dèyè selon Gilbert Mirambeau Jr sou Radio Kiskeya.Se 8 polisye li abitye travay ak yo nan lè wap tounen fim annayiti , li gen konfyans nan 8 ajan PNH sa yo ki te enkapab pou yo te reaji nan moman atak saa telman atak la te rapid .Li pale ak 3 moun yo maten an ki aktyèlman nan Gran Ravin ravisè mande 2 milyon dola pou libere yo .Li deja pote plent nan DCPJ.
Nan lari a plizyè etidyan ap manifeste pou egzije liberasyon Junior Albert Augusma alyas TIneg ak 2 eklerajis nan Muska Films .
Muska Films ap travay sou yon nouvo fim '' Malatchong ''. Se Yon koprodiksyon Ayiti, Lafrans ak Kanada . Gessica Géneus se aktris prensipal fim sa a .
Pa bliye Gilbert Mirambeau Jr se papa #kotkobpetrokaribe a.
Ronal Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment