![]() |
Ti nèg ak 2 resòtisan dominiken yo |
Pòtoprens , jedi 25 fevriye 2021 (tinouvel)
Ti nouvel Cho
Gouvènman ayisyen an mande ekstradisyon Ralph Youri Chévry
Pandan yon konferans pou laprès ki te fèt mèkredi 24 fevriye 2021 a, Sekretè Deta Kominikasyon an, Frantz Exantus, anonse Gouvènman ayisyen mande ekstradisyon ansyen majistra Pòtoprens la, Ralph Youri Chévry. Sekretè Deta a te pale yon swadizan rapò DCPJ ki ta montre yon sèten lyen ant ansyen majistra kapital la ak kèk polisye ki ta nan gwoup Fantom509. Pou kounye a , sou lòd jij Cruz Quezada, Ralph Youri Chevry nan rezidans siveye an Repiblik Dominikèn.
Ansyen Senatè Nenel Cassy envite pou li parèt nan DCPJ
Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) envite ansyen senatè depatman Nippes Nenel Cassy, pou parèt nan Biwo Afè Kriminèl yo ( BAC) . Randevu a kase pou Vandredi 26 fevriye, 2021 a 10zè nan maten nan kad yon ankèt lapolis . Lèt envitasyon an pote siyati Enspektè Jeneral la, Frédéric Leconte e ki date depi 12 Fevriye 2021.
Mèt Andre Michel kalifye envitasyon saa tankou yon provokasyon an mòd PHTK.
Se Mèt Andre Michel ki te resevwa lèt envitasyon jounen mekredi 24 fevriye nan kabinè li. Mèt Andre Michel kwè se yon zak entimidasyon lè DCPJ deside envite ansyen senatè depatman Nippes Nenel Cassy, li denonse represyon politik kap kontinye fèt sou opozan ak pouvwa tet kale a . Sektè Demokratik Popilè a ak pèp la kontinye kanpe pou Demokrasi afimasyon Mèt Andre Michel.
Kidnapin ti nèg toujou nan men ravisè yo.
De sitwayen dominiken yo ak konpatriyòt ayisyen Tinèg bandi ame te kidnape nan fen semèn pase a nan Pòtoprens yo toujou nan men ravisè yo. Met Abdias Edumé yo te kidnape nan Delmas depi 8 jou toujou nan men kidnapè yo.Avoka tigwav yo toujou ap manifeste.
Ronal Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment